musicas.mus.br
Letras de músicas - letra de música - letra da música - letras e cifras - letras traduzidas - letra traduzida - lyrics - paroles - lyric - canciones - PRIDAN - MEDJY - música e letra
Utilize o abecedário abaixo para abrir as páginas de letras dos artistas
Pridan letra
Youn de twa kat
Ou gon jan w pote tèt ou banmwen
Tankou se ou k te vle blese a
Mwen pa konprann poukisa
Pouki se ou ki vle blese a
M gentan konprann
Ou vle on bon nèg m sanble sa
Men mwen pa poukò m
Men pa sanble ou kè
Ou genlè pa fin twò kè non
Ou wè lavi
Jou mwen frape ou louvri
Ou ta dwe pèdi
Tout bèl rezon ki fè
M santi w vle m andedan
Tou santi gaz si m pase tou pre w
Jan w cho a ri rebecca tou boule
Pou di m o wi bebi
Ti nannan plen dlo
Si w pa kwè m ka moutre w
Ou tankon bèl ti voyaj
Men se kote w
Vle ateri ak trouble m
Ou kwè ti farinay sa vo tout dlo moute sa
Pouki se wout sa w chwazi sè mwen
Paske moun pa janm pa kanpe ap gade ou
Rimè a di e ou ki pi move
San manti baz sanble gen koupe vre
Eskize m men se sa w vann mwen
Sa fon ti tan m vin on jan pi pridan
Ou kon peyi k chaje kalite
Kap kreye ensekirite
Anpil pral panse
Ou son moun serye
Nan on sosyete volè abiye
Sa w tapresye lakay mwen yo
Pral menm sa k kondane w yo
Nou ka chante
Nou ka danse
Nou ka ranse
Nou ka griyen dan
Men se kè w ki pral fòse ou sonje ke
Lanmou pa okouran
Ou gon jan w brote tèt ou banmwen
Tankou se ou k te vle blese a
Mwen pa konprann poukisa
Pouki se ou ki vle blese a
Ou gon jan w brote tèt ou banmwen
Tankou se ou k te vle blese a
Mwen pa konprann poukisa
Pouki se ou ki vle blese a
Youn de twa kat
Medjy - Letras
- All About You (feat. DJ Roger & Rayy Raymond)
- Awoyo
- Bad gyal (feat. Kenny Haiti)
- Bèl Apèl
- Jije'm (feat. KAÏ)
- Jou Dega
- Konsèy
- Lapatri An Danje
- Lasyans
- Love Pa Peye Bill (feat. Baky)
- Marasa (feat. Troubleboy Hitmaker)
- Mèsi Bokou
- Pasyante
- Pote'l Banm (feat. Baky)
- Pridan
- Si Yo Vle (feat. Baky, Steves J. Bryan & TroubleBoy Hitmaker)
- Soperiye
top 30 músicas
©2003 - 2026 - musicas.mus.br